Pou Lochard Noël, lekti se wout yon peyi tou nèf
19 août 2022
Lochard Noël ale nan peyi san chapo mkredi 17 out 2022 nan Florid, kote li t ap viv plis pase trant lane. Se yon kansè nan lestomak ki ale ak misye. maladi a te mennen li lopital pandan yon bout tan, epi finalman li mouri lakay li. Fason powèt sa a pati a koresponn ak panse filozòf Hegel ki di lanmò se bagay ki pi terib. Kidonk, lavi a vin fè bak devan laterè lanmò pote anba zye nou. Lanmò Lochard Noël montre nou, chak moun genyen tou pa li nan lavi a. Li pran chimen an anvan nou, apre pasaj li sou tè a kote li te yon ekriven epi yon nonm ki te renmen lavi.